Hughes Van Ellis (a goch), yon sivivan Masak Rasyal ki te fèt nan vil Tulsa epi yon veteran Dezyèm Gè Mondyal ak Viola Fletcher (dezyèm a dwat), moun ki gen plis laj nan sivivan Masak Rasyal ki te fèt nan vil Tulsa yo, temwaye devan Chanm Reprezantan Etazini nan Washington, DC jou ki te 19 Me 2021 an sou enpak Masak Rasyal Tulsa genyen sou yo. "Mwen ap viv atravè masak la chak jou," se deklarasyon Fletcher devan lejislatè yo. "Peyi nou an kapab bliye istwa sa a, men mwen pa kapab." © 2021 Jim Watson/AFP via Getty Images

(Washington, DC) – Administrasyon Prezidan Biden pa fè gwo pwogrè nan pwoteje dwa moun nan peyi Etazini, deklarasyon Human Rights Watch fè jodia nan Rapò Mondyal li pou ane 2022 a.

“Administrasyon Biden nan te fè kèk gwo deklarasyon sou kèk sijè enpòtan tankou egalite rasyal ak sèksyèl, men pa genyen anyen ki pwouve jiskaprezan  pawòl sa yo antre an pratik nan lide pou genyen yon enpak reyèl nan lavi moun ki gen dwa yo ki te sistematikman inyore oswa meprize," deklarasyon Nicole Austin-Hillery, ki se direktè egzektif Pwogram pou peyi Etazini nan Human Rights Watch. “Moun ki Nwa nan peyi Etazini toujou ap soufri anpil akoz gwo eka ekonomik ki soti nan rasis sistemik ki egziste a ki genyen konsekans sou plizyè jenerasyon moun, epi tou akoz politik fwontalye yo ki anpeche moun jwi dwa yo genyen pou mande azil pandan moun k ap travay pou leta yo ap fè imigran yo sibi move tretman epi vyole dwa yo.”

Nan Rapò Mondyal 2022 li a  ki genyen 752 paj la, nan 32 zyèm edisyon li a, Human Rights Watch analize pratik dwa moun nan preske 100 peyi. Direktè Egzekitif la Kenneth Roth remete an kesyon lide k ap sikile ki fè konnen otokrasi se yon sistèm ki ap monte aktyèlman. Plizyè peyi, youn aprè lòt, genyen anpil moun ki desann dènyeman la nan lari, menm si yo riske pou yo arete oswa tire yo, sa montre apèl pou genyen demokrasi toujou rete fò. Yon lòt bò, otokrat yo toujou genyen plis difikilte pou manipile eleksyon yo pou tounen an favè yo. Daprè Kenneth Roth, dirijan demokratik yo dwe toujou fè plis jefò pou fè fas ak defi nasyonal ak mondyal yo epi rasire yo demokrasi a kenbe pwomès li yo.        

An plis politik ak aksyon egzekitif la pran pou genyen egalite rasyal ak egalite ant ‘jan’yo epi pou pwoteje dwa moun ki se LGBT, komisyon jidisyè Chanm reprezantan peyi Etazini te vote pou pwojè lwa H.R.40 la, ki vize etidye dispozisyon pou pote reparasyon akoz esklavaj la, ta soumèt devan tout Chanm nan pou yo vote li pou premye fwa depi 32 ane. Men nan fen ane 2021 an, etap istorik sa ki t ap mennen nan reparasyon pou eritaj esklavaj la te bloke nan Chanm nan.  

Pami echèk ki genyen nan politik enteryè Etazini sou kesyon rasis sistemik la, malgre genyen kèk rediksyon nan pousantaj ka anprizonnman moun ki Nwa, se plis Nwa ki genyen nan prizon yo. Pousantaj moun Nwa lapolis touye sou chak abitan pi plis pase twa fwa moun ki Blan. Moun ki Nwa reprezante preske 42 % (pousan) popilasyon moun ki twouve yo nan koulwa lanmò malgre Nwa yo reprezante sèlman12.4 % popilasyon Etazini an.

Kominote Nwa, Latino ak Endijèn pa te afekte nan menm nivo anba Covid-19 la, yon sitiyasyon ki agrave inegalite rasyal ki egziste deja nan kesyon swen sante, lojman, aksè pou jwenn dlo potab ak yon pri abòdab, travay, edikasyon ak fason pou yo akimile richès, deklarasyon Human Rights Watch. Inegalite ekonomik yo toujou rete byen wo epi li lejèman ogmante nan peyi Etazini, pandan povrete a diminye akoz jefò ki fèt prensipalman nan ogmantasyon sèvis gouvènmantal yo. Eka richès ant moun ki Nwa ak Blan toujou ap pèsiste.

Administrasyon Biden nan toujou ap aplike politik ‘Title 42’ k ap koze domaj sou fwontyè a, yon mezi li sèvi ak li pou li mete deyò tout moun k ap mande azil pou voye yo nan peyi Meksik nan kondisyon ki mete lavi yo an danje oswa voye yo tounen nan peyi yo soti a sou baz rezon sante piblik ki pa gen verite ladan. Gen yon egzanp patikilyèman grav nan aplikasyon politik sa, se kote genyen ajan ki nan patwouy ki sou fwontyè yo ki opere sou cheval ki t ap menase Ayisyen ki t ap travèse fwontyè a nan vil Del Rio, Eta Texas nan mwa Septanm pase a, epi aprè sa Etazini te mete deyò antou plizyè milye Ayisyen pou tounen fè fas ak kondisyon danjere nan peyi Dayiti.

Human Rights Watch te rapòte lòt prèv kote moun k ap mande azil yo sibi move tretman anba men ajan fwontalye yo jan yo dekri sa nan dokiman li te rive jwenn  nan men Depatman Sekirite Enteryè aprè aksyon devan lajistis li te mennen. Dokiman yo revele genyen plis pase 160 rapò entèn ki pale sou abi fizik ak lòt ankò moun k ap mande azil yo te sibi menm jan ak vyolasyon dwa yo genyen pou benefisye yon pwosedi regilye jan lalwa fikse sa.

Nan politik etranjè li genyen, administrasyon an te anonse angajman li pran pou “mete dwa moun nan mitan politik etranjè Etazini” ak nan domenn miltilateralis. Etazini te mande–epi li te jwenn vòt– pou yo eli li nan Konsèy dwa moun Nasyonzini an epi li te antre nan akò ‘Paris’ a sou Klima a. Li anile règ ki koze domaj sou fanm ki pote non ‘Global Gag rule’ ki te anpeche finansman swen sante pou fanm, epi retabli finansman li nan Fon Nasyozini pou Popilasyon an epi tou li re-entwodui rapò ki fèt sou dwa repwodiksyon yo nan rapò Depatman Deta fè chak ane sou sitiyasyon dwa moun.

Men gwo echèk ki genyen nan kesyon pwoteksyon ak pwomosyon dwa moun pami yo nou ka site, kontinye vann zam bay gouvènman ki vyole dwa moun ak dwa entènasyonal imanitè pami yo peyi Filipin, Ejip ak Arabi Sawoudit epi akoz pa gen okenn kote yo denonse piblikman zak vyolasyon dwa moun peyi li konsidere kòm patnè estratejik li yo ap komèt. 

Administrasyon Biden nan dwe mete fen nan pratik sa k ap fè abi epi ki ilegal ki pote non ‘Title 42’ a epi pran mezi konkrè epi bay bon jan rapò sou pwogrè ki rive fèt yo, nan respè deklarasyon li te fè konsènan politik li genyen sou egalite rasyal ak ‘jan’. Gouvènman ki nan Eta yo ak gouvènman lokal yo dwe mete fen nan politik ki vize fè abi sou moun ki Nwa ak moun lòt koulè epi envesti pito nan kominote yo nan lide pou goumen kont rasis estriktirèl la. Eta yo dwe kanpe sou Politik yo genyen ki menase dwa pou genyen aksè ak avòtman epi libète repwodiktif nan lide pou rive pwoteje konplètman dwa fanm ak tifi yo genyen. 

“Gouvènman ameriken an dwe pran mezi ki oze epi konkrè pou pwoteje dwa tout moun nan peyi Etazini– Nwa ak blan, sitwayen ak moun ki pa sitwayen ameriken menm jan, epi tou fè pwomosyon dwa moun patou nan monn lan atravè politik etranjè li genyen,”deklarasyon Austin-Hillery.