Skip to main content
  • Zak touye moun, kidnaping ak vyolans seksyèl gwoup kriminèl yo ap komèt anndan epi ozalantou kapital peyi Dayiti, ki se Pòtoprens, ogmante radikalman depi kòmansman ane 2023 a.
  • Gouvènman pa rive pwoteje moun yo kont vyolans gwoup kriminèl sa yo, kote anpil nan yo ta genyen relasyon prezime avèk responsab politik wo plase, aktè ekonomik ak polisye.
  • Yon sipò entènasyonal nan domenn sekirite ta kapab nesesè, men li sanble ap pi efikas sèlman avèk yon nouvo gouvènman tranzisyon ki mete an plas epi nan kad yon repons miltidimansyonèl ki prevwa garanti solid pou respè dwa moun.

(New York, 14 Dawout 2023) – Zak touye moun, kidnaping ak vyolans seksyèl gwoup kriminèl yo ap komèt anndan epi ozalantou kapital peyi Dayiti, ki se Pòtoprens, ogmante radikalman depi kòmansman ane 2023 a kote repons leta fèb oswa pa egziste ditou, daprè sa Human Rights di nan yon rapò li pibliye jodia.   

Rapò sa ki gen 100 paj, “Viv yon Rèv ki toumante: Ayiti Bezwen yon Repons Ijan Ki Baze sou Dwa Moun fas ak yon Kriz ki pa Sispann Ogmante,” dokimante abi gwoup kriminèl yo komèt ak inaksyon leta nan kat (4) komin nan rejyon metwopoliten Pòtoprens lan– Kabarè, Site Solèy, Kwadèboukè, ak Pòtoprens li menm–soti Janvye pou rive Avril 2023. An Ayiti, leta preske absan, se enpinite ki ap renye epi preske mwatye popilasyon an ap viv yon ensekirite alimantè grav. Human Rights Watch te evalye tou kriz imanitè, politik ak jidisyè a epi abi ak prejidis entèvansyon entènasyonal ki te fèt nan tan pase yo te koze, men tou analize eritaj dirab esklavaj, esplwatasyon ak abi puisans kolonyal yo te komèt kite.  

Zòn metwopoliten Pòtoprens, Ayiti, ki montre komin kote abi yo te dokimante. Done © CNIGS. Graphics © Human Rights Watch

“Dwe genyen aksyon an ijans ki poze pou rezoud nivo vyolans estrèm ki genyen yo epi laperèz, grangou ki vizib men tou santiman abandon anpil Ayisyen ap konnen jodia,” deklarasyon Nathalye Cotrino, ki se chèchè nan Depatman kriz ak konfli nan Human Rights Watch. “Sipò entènasyonal nan domenn sekirite a kapab nesesè, men li sanble ap plis ede sèlman avèk yon nouvo gouvènman tranzisyon ki mete en plas epi nan kad yon repons miltidimansyonèl ki prevwa garanti solid pou respè dwa moun.”

Nasyonzini, Etazini, Lafrans, Kanada, manm Kominote Karayibeyen yo ak lòt gouvènman konsène yo dwe aji an ijans pou sipòte Ayiti nan rezoud kriz li ap konnen an epi rasire yo genyen yon tranzisyon demokratik ki fèt. Sekretè-jeneral Nasyonzi an dwe prezante lis opsyon ki genyen nan jou ki ap vini yo devan Konsèy Sekirite Nasyonzini konsènan deplwaman yon fòs entènasyonal an Ayiti pou ede retabli sekirite, aprè demann premye minis Ayisyen an. Kenya te ofri tèt li pou dirije fòs sa epi di li ap founi 1000 polisye ki ap fè pati fòs entènasyonal sa.  

Human Rights Watch te entèvyouve plis pase 100 moun, avan, pandan epi aprè yon vizit li te fè an Ayiti fen Avril pou rive kòmansman Me, pami yo 58 moun ki se viktim ak temwen abi sa yo ki te entèvyouve an pèsonn an Ayiti, men tou manm sosyete sivil ayisyen an, òganizasyon dwa moun ak sa ki nan dyaspora a, reprezantan Nasyonzini ak lòt ajans imanitè, aktè politik ayisyen ak responsab nan gouvènman an, tankou Premye Minis Ariel Henry. Human Rights Watch te analize tou done ak rapò òganizasyon nongouvènmantal ak entènayonal, gwoupman nan sosyete sivil ayisyen an ak medya yo te pibliye, epi verifye, jeyolokalize anrejistreman videyo ak foto kèk ensidan vyolan ki te pase.

Nasyonzini estime gwoup kriminèl yo touye plis pase 2000 moun nan premye mwatye ane 2023 a epi kidnape plis pase 1000 lòt, epi yo itilize vyolans seksyèl pou teworize popilasyon an. Human Rights Watch te dokimante 67 ka moun yo touye, pami yo 11 timoun ak 12 fanm epi plis pase 20 ka vyòl, anpil nan yo se vyòl kolektif kote se plizyè agresè ki komèt yo. Kòm repons a vyolans sa yo epi  inaksyon leta, kèk Ayisyen te tounen nan pratike “jistis popilè,”pou fòme mouvman Bwa Kale ki t ap vale tèren nan fen Avril pou rive mwa Jen; yon mouvman an te touye plis pase 200 manm gang ki sispèk, souvan avèk konplisite polisye.  

Genyen preske 150 gwoup kriminèl ki ap fonksyone nan kapital la, Pòtoprens ak rejyon metwopoliten an, anpil nan yo anba otorite de (2) prensipal kowalisyon kriminèl yo, federasyon G-Pèp ak alyans G9. Pifò abi ki pi grav yo, komèt nan Site Solèy, yon komin kote dansite popilasyon an elve anpil epi ki twouve li bò lanmè, kote abitan yo kwense nan mitan yon konfli ki eziste lontan ant alyans G9 ki gen nan tèt li Jimmy Chérizier, oswa “Barbecue,” ak rival li, federasyon G-Pèp ki genyen kòm chèf Gabriel Jean-Pierre. G-Pèp kontwole yon zòn ki rele Brooklyn, pandan G9 kontwole katye ki anviwonnen li yo epi G9 ap eseye antre nan Brooklyn.

Komin Site Solèy (pami yo katye Brooklyn), Ayiti, ki montre zòn ki anba kontwòl G-Pèp ak kowalisyon G9. Done © CNIGS, OpenStreetMap. Image © 2023 Maxar Technologies. Google Earth. Graphics © Human Rights Watch

Genyen yon fanm Human Rights te entèvyouve ki di li menm avèk sè li t ap mache pou antre lakay yo avèk yon gwoup moun nan dat 15 Avril lè plizyè manm G9 te kanpe yo.“Yo te pran plizyè gason nan gwoup la, mete yo kanpe sou liy, touye kèk ladan yo avèk manchèt epi tire lòt yo,”daprè sa li di. “Kriminèl yo te fann kò kèk nan mesye yo avan yo mete tout ansanm epi mete dife sou yo. [Aprè sa] kat (4) mesye te vyole mwen.”Manm G9 yo te vyole sè li a tou, men okenn nan medam yo pa te chèche atansyon medikal. Gwoup la te touye frè fanm sa a menm jou a.

Gouvènman ayisyen a pa rive pwoteje ayisyen kont vyolans gwoup kriminèl sa yo ap komèt, yon sitiyasyon ki vin agrave avèk sikilasyon zam ak minisyon ki kontinye ap fèt, ki soti plis nan Eta Florid nan peyi Etazini. Anpil nan gwoup sa yo ta genyen relasyon prezime avèk responsab politik wo plase, aktè ekonomik ak polisye. Sou baz enfòmasyon ki disponib yo, pa genyen okenn pouswit ki te lanse kont moun ki responsab zak touye moun, kidnaping, ak vyolans seksyèl oswa sa ki ap sipòte yo, depi kòmansman ane 2023 a.   

Kriz sekirite a vin ogmante sou yon kriz imanitè grav ki te deja genyen. “Nou pa manje chak jou,”daprè sa yon abitan Brooklyn rapòte. “Nou bwè sèlman dlo lapli [epi] pitit mwen yo malad nan vant. Nou pa genyen kouran non plis depi yon bon bout tan.”

Nasyonzini estime 60 pousan popilasyon Ayisyen an ki se 11.5 milyon moun ap viv nan povrete. Preske 195 000 moun te deplase anndan peyi a akoz vyolans depi ane 2022 a, epi genyen plizyè dizèn milye lòt ki te tante sove kite peyi a. Malgre plizyè apèl ki te lanse bò kote Nasyonzini pou pa fòse Ayisyen tounen an Ayiti, anpil peyi te voye plis pase 73 800 moun tounen an Ayiti pandan premye mwatye ane 2023 a. 

Depi asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021, Premye Minis Henry te pran kontwòl tout fonksyon egzekitif ak lejislatif yo epi li pa te rive jwenn yon konsansis avèk aktè politik yo pou pèmèt genyen yon tranzisyon demokratik.

Preske tout reprezantan sosyete sivil Ayisyen an ak viktim abi ki te entèvyouve yo deklare sitiyasyon an te tèlman deteryore ki fè li nesesè pou genyen yon repons entènasyonal, ki genyen ladan li, yon inite sekirite. Anpil moun souliye nesesite ki genyen kounya pou evite plis predijis ak abi pa komèt, avèk bon jan garanti pou evite abi grav ki te komèt pandan dènye entèvansyon entènasyonal yo men tou eritaj dirab esklavaj, esplwatasyon ak abi puisans kolonyal yo te kite. Reprezantan sosyete sivil ayisyen an fè konnen lòt peyi yo dwe sispann sipòte Premye Minis Henry, yon moun yo konsidere ki ap dirije yon gouvènman ilejitim e kowonpi ki genyen relasyon prezime avèk gwoup kriminèl.  

Fanmi ki ap kite lakay yo nan komin Petyonvil nan Pòtoprens, Ayiti, 23 Mas 2023, nan moman gwoup kriminèl pran kontwòl kèk zòn an Ayiti.  © 2023 RICHARD PIERRIN/AFP via Getty Images

Dwe genyen inisyativ ki vize bay travay, edikasyon ak aksè a pwodui premye nesesite yo ki akonpanye jefò yon fòs sekirite entènasyonal ap fè pou sekirize sit kle ak wout prensipal peyi a nan zòn ki anba kontwòl gwoup kriminèl yo, epi tou pou rasire genyen ankèt ki mennen ak pouswit ki lanse kont moun ki responsab abi grav ki komèt yo atravè pwosedi ki kredib, san fòs kote epi ki respekte dwa moun.

“Eritaj entèvansyon etranje ki te komèt abi an Ayiti kite jiska jodi a pa ta dwe sèvi kòm eskiz pou pa gen aksyon ki poze,” daprè Cotrino. “Li ta dwe okontrè sèvi kòm pretèks pou mande pou genyen aksyon ki poze pou repare erè ki te fèt avan yo epi sipòte jefò Ayisyen yo ap fè pou rive nan yon vrè gouvènans demokratik, respè dwa fondamantal moun genyen, epi mete fen nan epizòd vyolans mòtèl ak abi ki ap komèt yo.”

Your tax deductible gift can help stop human rights violations and save lives around the world.

Region / Country